Search Results
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Swen w Bay Tèt ou Lè w gen Vomisman ak Dyare

Vomisman ak dyare ka fè w santi w mal anpil. Lestomak ou ak entesten w ap reyaji ak yon bagay ki irite yo. Li kapab se manje, medikaman, bakteri, oubyen yon viris. Vomisman ak dyare se 2 fason kò w ka eseye debarase l de yon pwoblèm ki gen nan sistèm ou. Anvi vomi se yon sentom ki fè w pa ka manje. Sa ka bay lestomak ou ak entesten w tan pou yo geri. Pran swen tèt ou kapab ede w soulaje malèz ou a.

Yon fanm ki ap bwè yon vè dlo.

Bwè likid

Bwè oubyen pran likid detanzantan. Sa ap pèmèt ou evite pèdi twòp dlo nan kò w (dezidratasyon). Pou w fè sa:

  • Chwazi likid ki klè tankou dlo oubyen bouyon.

  • Pa bwè bagay ki gen anpil sik ladan yo. Tankou ji oubyen kola. Sa yo ka fè dyare a vin pi mal.

  • Pa pran bwason ki gen kafeyin ak alkòl.

  • Si w gen gwo vomisman oswa gwo dyare, pa bwè bwason ki bay enèji yo oswa solisyon elektwolit yo. Sa yo pa gen bon kantite melanj dlo, sik, ak mineral. Yo ka agrave sentom yo. Eseye bwè sewòm oral. 

  • Souse glason si kè plen an fè li difisil pou w bwè.

Lè w ka manje ankò

Eseye konsèy sa yo:

  • Lè vomisman an ap diminye epi apeti w ap retounen, repran rejim alimantè w la yon fason pwogresif.

  • Mande founisè swen sante w la si gen kèk manje ou pa ta dwe manje.

Medikaman

Kilè pou w pran medikaman:

  • Pa itilize medikaman pou w kanpe dyare a oubyen vomisman an sof si founisè swen w lan mande w sa. Vomisman ak dyare ap ede kò w debarase l de sibstans ki pa bon yo.

  • Gen kèk medikaman ki ka lakoz vomisman ak dyare. Di moun k ap ba w swen an tout medikaman w ap pran. Mande kiyès ladan yo ki ka pwovoke sentom sa yo.

  • Aspirin ak lòt medikaman kont enflamasyon ki pa estewoyidyen (NSAID) kapab ba w pwoblèm nan lestomak. Pa itilize yo lè w gen lestomak ou k ap fè w mal.

  • Gen kèk medikaman yo vann san preskripsyon ki ka ede w kontwole vomisman an. Gen lòt ki ka ede w soulaje lestomak fè mal la. Mande founisè swen sante w la ki medikaman ki ka ede w.

Lè pou w rele founisè swen sante w la

Rele founisè ou a imedyatman si w gen nenpòt nan sa yo:

  • Vomisman oubyen poupou ki gen san oubyen ki tou nwè

  • Yon gwo vant fè mal ki konstan

  • Vomisman mache ak yon move tèt fè mal oubyen yon kou rèd

  • Yon vomisman aprè yon blese nan tèt

  • W ap vomi w ap dyare pou plis pase 1 èdtan

  • Ou pa ka bwè likid apre plis pase 12 èdtan

  • Yon vomisman ki dire plis pase 24 èdtan

  • Yon gwo dyare ki dire plis pase 2 jou

  • Lafyèv 100,4°F (38°C) oswa pi wo, oswa jan yo endike sa a

  • Po w ak pati ki blan nan je w yo jòn (lajonis)

  • Ou pa ka pipi 

  • Ou pa ka pran yon seri medikaman nan bouch tankou sa ki pou kriz malkadi yo oubyen pwoblèm kadyak yo

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer