Search Results
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Sendwòm viral (Granmoun)

Yon maladi viral ka lakòz anpil sentòm tèlke lafyèv, doulè nan misk, ak fatig. Lòt sentòm yo depann de pati nan kò viris la afekte a. Si li depoze nan nen, gòj, ak poumon w, li ka lakòz tous, malgòj, konjesyon, nen k ap koule, maltèt, zòrèy fè mal, oswa menm souf kout. Si li depoze nan vant ou ak tib dijestif ou, li ka lakòz kèplen, vomisman, kranp, ak dyare. Anjeneral, li lakòz sentòm jeneralize tankou doulè nan tout kò, sansasyon fatig, pèt enèji, oswa pèt apeti.

Yon maladi viral souvan dire soti kèk jou rive jiska kèk semèn. Men pafwa li dire pi lontan. Nan kèk ka, yon enfeksyon pi grav ka sanble ak yon sendwòm viral nan premye jou yo nan maladi a. Ou ka bezwen yon lòt egzamen ak tès siplemantè pou konnen diferans lan. Siveye siy avètisman yo ki site anba la a pou konnen kilè pou w jwenn konsèy medikal.

Swen lakay

Swiv direktiv sa yo pou pran swen tèt ou lakay ou:

  • Si sentòm yo grav, repoze lakay ou pandan premye 2 a 3 jou yo.

  • Rete lwen lafimen sigarèt —ni lafimen pa w ni lafimen ki sot sou lòt moun.

  • Ou ka itilize acetaminophen oswa ibuprofen san preskripsyon pou lafyèv, doulè nan misk, ak maltèt, sof si yo te preskri w yon lòt medikaman pou sa. Antibyotik yo pa itilize pou trete enfeksyon viral. Si w gen maladi fwa oswa maladi ren kwonik oswa ou te deja genyen yon ilsè lestomak oswa emoraji gastwoentestinal, pale avèk founisè swen sante w anvan w itilize medikaman sa yo. Pèsonn ki gen mwens pase 18 lane epi ki malad ak yon lafyèv pa dwe pran aspirin. Li ka lakòz maladi grav oswa lanmò.

  • Apeti w ka pa bon, kidonk yon rejim lejè akseptab. Pou anpeche dezidratasyon, bwè 8 a 12 vè 8 ons likid chak jou. Sa ka gen ladan dlo, limonad, ji tankou zoranj, pòm, rezen, ak kranberi, bwason fwi klè, ranplasman elektwolit ak bwason espòtif, epi te ak kafe dekafeyine. Si w te resevwa yon dyagnostik maladi ren, mande founisè swen w lan ki kantite e ki tip likid ou dwe bwè pou anpeche dezidratasyon. Si w gen maladi ren, epi w bwè twòp likid, sa ka lakòz li akimile nan kò w epi li ka danjere pou sante w.

  • Remèd san preskripsyon p ap rakousi longè maladi a. Men, yo ka itil pou sentòm tèlke tous, malgòj, konjesyon nan nen ak sinis, oswa dyare. Pa itilize dekonjesyonan si w soufri tansyon wo.

Swen swivi

Fè swivi avèk founisè swen sante w si w pa amelyore pandan pwochen semèn lan.

Rele 911

Rele 911 si nenpòt nan sa yo rive:

  • Konvilzyon

  • Sansasyon feblès, tèt vire, oswa tankou w pral endispoze

  • Doulè nan pwatrin, oswa plis pase souf kout lejè

Lè pou jwenn konsèy medikal

Kontakte founisè swen sante w touswit si nenpòt nan sa yo rive:

  • Tous avèk flèm (krache) epè, jòn oswa vèt oswa san nan krache w.

  • Doulè nan pwatrin, souf kout respirasyon siflan, oswa pwoblèm pou respire.

  • Maltèt grav, oswa doulè nan figi, kou, oswa nan zòrèy.

  • Doulè grav san rete nan bò dwat anba nan vant ou (abdominal).

  • Vomisman san rete (ou pa kapab kenbe likid nan vant ou).

  • Dyare souvan (plis pase 5 fwa pa jou), oswa san (koulè wouj oswa nwa) oswa glè nan dyare a.

  • Sansasyon feblès, tèt vire, oswa tankou w pral endispoze.

  • Swaf dènye degre.

  • Lafyèv 100,4 °F (38 °C) oswa pi wo, oswa jan founisè swen w endike.

  • Ou panse ou gen grip oswa ou teste pozitif pou COVID epi ou gen risk pou maladi grav. Gen medikaman ki rele antiviral ki kapab ede w.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer