A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Vètij (Kòz ki pa sèten)

Vètij se yon sentòm ki kouran. Li ka dekri tankou yon sansasyon toudisman, tankou w ap vire, oswa santi tankou w pral endispoze. Vètij ka gen anpil kòz.

Enfòme founisè swen sante a pou:

  • Tout medikaman w ap pran. Sa gen ladan medikaman sou preskripsyon ak medikaman san preskripsyon, remèd fèy, ak sipleman. Epi enfòme founisè swen sante w pou nenpòt chanjman nan medikaman w yo.

  • Nenpòt lòt sentòm ou genyen

  • Nenpòt pwoblèm sante w ap te trete pou li

  • Nenpòt gwo pwoblèm sante pase ou te genyen, tèlke kriz kadyak, pwoblèm ekilib, pwoblèm pou tande, kou ak zepòl rèd, oswa pwoblèm tansyon

  • Nenpòt bagay ki lakòz vètij la agrave oswa amelyore

  • Nenpòt chòk nan tèt resan, blesi nan kou, oswa istwa migrèn

  • Si vètij la te vini yon sèl kou oswa li te vini ofiramezi

  • Si yon epizòd vètij rive nan yon pozisyon espesyal tèt ou oswa nan posti w

Pafwa kòz egzak la pou vètij ou a pa kapab jwenn touswit . Lòt tès ka nesesè. Respekte machaswiv founisè swen sante w bay.

Swen lakay

  • Vètij ki rive lè w kanpe toudenkou gendwa yon siy dezidratasyon lejè. Bwè likid siplemantè pandan pwochen detwa jou yo.

    Si w gen tandans gen tèt vire chak fwa ou leve kanpe sot nan pozisyon chita oswa kouche (lonje):

    • Evite chanjman toudenkou nan posti.

    • Leve sot nan yon pozisyon kouche dousman, epi rete chita pandan kèk moman anvan w kanpe.

    • Lè w ap kanpe, asire w gen yon bagay pou w kenbe.

  • Si w te kòmanse yon nouvo medikaman resaman, ou sispann yon medikaman, oswa yo te chanje dòz la nan yon medikaman w ap pran aktyèlman, pale ak founisè swen sante ki w preskri la. Plan medikaman w ka bezwen ajisteman.

  • Si vètij la dire plis pase kèk segonn, chita oswa kouche jiskaske li pase. Sa ka ede evite blesi sizoka ou endispoze. Leve dousman lè w santi w pi byen.

  • Ou ka bezwen yon baton oswa lòt èd pou mache pou evite tonbe si w vin gen tèt vire.

  • Pale avèk founisè swen sante w sou konsomasyon chak jou w nan kafeyin, alkòl, ak tabak.

  • Pa kondi ni itilize zouti elektrik oswa ekipman danjere jiskaske ou pa gen okenn vètij pandan omwen 48 èdtan.

Swen swivi

Fè swivi avèk founisè swen sante w pou plis evalyasyon nan pwochen 7 jou yo, oswa jan yo konseye w.

Lè pou jwenn konsèy medikal

Rele founisè swen sante w pou nenpòt nan ki pral site la yo:

  • Agravasyon sentòm yo oswa nouvo sentòm

  • Vomisman repete

  • Maltèt

  • Chanjman nan vizyon oswa nan tande

Rele 911

Rele 911 , touswit si nenpòt nan sa yo rive:

  • Maltèt grav toudenkou oswa doulè nan pwatrin, bra, kou, do, oswa machwè

  • Angoudisman oswa feblès nan yon bra oswa janm oswa yon bò nan figi

  • Vomi oswa poupou ki nwa oswa wouj

  • Souf kout

  • Santi kè w ap vibre oubyen ap bat fò oswa rapid (palpitasyon)

  • Endispozisyon oswa kriz

  • Pwoblèm pou mache oswa pou pale

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer