Konprann Eskizofreni an
Eskizofreni se yon maladi nan sèvo ki grav epi ki anbarasan. Li chanje fason yon moun panse, aji, ak fason l santi l totalman. Li ka deranje chak vi li touche. Epi li ka lakoz gwo doulè emosyonèl. Si ou menm oswa yon pwòch ou gen eskizofreni, pa pèdi lespwa. Pou kounye a, pa gen tretman pou li. Men swen yo ka ede w kalme sentom yo. Gen anpil sèvis sipò pou moun ki gen kondisyon sa ak fanmi yo. Fich sa a ap di w kisa eskizofreni ye.

Ki sa sentom yo ye?
Sentom eskizofreni an ka varye anpil. Moun ki gen twoub sa ka wè oubyen tande bagay ki pa la. Oubyen yo ka kwè nan yon bagay ki pa vrè. Pafwa yo ka rete silans, rete san bouje, oubyen rete lwen moun. Yo ka pa reponn si w gade yo nan je. Epi lòt fwa, yo ka pale oubyen aji nan fason etranj.
Kiyès li afekte?
Eskizofreni afekte ni fanm ni gason. Li ka frape moun nan tout ras, kilti, ak revni. Sa souvan kòmanse lè moun nan apèn ap granmoun. Li ka rive lè jèn moun nan lekòl toujou. Yo ka pa ka aprann kèk bagay ki enpòtan pou yo viv. Epi yo ka pa jwenn chans bati yon karyè oubyen yon relasyon ki dire.
Kisa ki lakoz li?
Nou pa konnen tout koz eskizofreni an. Li pwobab pou gen anpil faktè ki enplike ladann. Pa ekzanp, eskizofreni a sanble transmèt nan fanmi yo. Evènman twomatik yo ka reveye twoub la. Kèk konpozisyon chimik nan sèvo a jwe yon wòl ladann tou. Epi estrikti sèvo a pa menm nan moun ki gen eskizofreni an.
Kijan pou w jwenn èd
Premye siy eskizofreni yo ka frapan oswa chokan. Ou ka santi sa di pou w jere. Sa nòmal. Ou pa gen pou w fè fas a pwoblèm yo pou kont ou. Aprann plis de eskizofreni an epi ale nan gwoup sipò familyal ka ede w. Sa ka ofri w gid ak sipò. Pale ak founisè swen sante w la, lopital lokal oswa klinik sante mantal ou a sou resous ki nan zòn ou an.
Eskizofreni konn souvan yon defi pou lavi. Men nouvo swen yo ak sipò lòt moun ka ofri w lespwa.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.