A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Konprann pre-eklanpsi

Pre-eklanpsi se yon problèm medikal ki ka rive lè w ansent. Li gen ladan l tansyon wo (ipètansyon), anflamasyon ak siy lòt pwoblèm nan ògàn yo. Li ka parèt bonè, 20èm semèn gwosès la oubyen li ka parèt ta, nan peryòd aprè nesans lan. Li souvan disparèt 12 semèn aprè akouchman an. Sa ka bay gwo risk sante pou ou ak bebe w la. Pandan gwosès ou an, founisè swen sante w la ap verifye tansyon w.

Founisè swen sante k ap pran tansyon yon fanm ansent
Y ap siveye tansyon ou regilyèman pandan gwosès la pou ede verifye prezans yon pre-eklanpsi.

Danje ki gen nan pre-eklanpsi

Pre eklanpsi ka bay oumenm ak bebe w la pwoblèm si li pa trete. Plasennta a se ògàn ki nouri bebe a. Li ka dekole sot nan anvlòp matris la. Sa ka lakoz bebe ou a gen pwoblèm sante (detrès pou bebe). Sa ka lakoz bebe ou a gen risk pou li fèt anvan lè. Menm si pre-eklanpsi a disparèt nan jou oubyen mwa ki vini aprè nesans yo, moun ki te gen pre-eklanpsi gen plis risk nan vi yo pou yo fè maladi kadyovaskilè.

Pre-eklanpsi ka lakoz ou gen pwoblèm sante sa yo tou:

  • Ensifizans renal oswa pwoblèm nan lòt ògàn

  • Kriz

  • Estwòk

Kiyès ki gen risk pou fè pre-eklanpsi?

Pèsòn pa konnen kisa ki lakoz pre-eklanpsi. Sa ka rive nenpòt moun ki ansent. Men gen bagay ki ogmante risk la. Ou dwe pran petèt yon ti kras aspirin chak jou si ou gen risk pou w fè pre-eklanpsi.

Ou gen plis risk pou ou soufri pre-eklanpsi si ou gen nenpòt bagay sa yo:

  • Dyabèt

  • Tansyon

  • Obezite

  • Maladi nan ren

  • Maladi ki afebli sistèm iminitè ou tankou lipis

  • Gen moun nan fanmi w ki fè pre-eklanpsi deja

Ou gen plis risk si yonn nan bagay sa yo aplike pou ou:

  • Se premye gwosès ou

  • Ou pral fè marasa oswa plis

  • Ou gen mwens pase 18 lane oswa plis pase 40 lane

  • Ou fè fegondasyon in vitro

  • Ou nwa

Epi ou gen pi gwo risk si ou te gen yonn nan bagay sa yo nan yon gwosès anvan sa:

  • Pre-eklanpsi

  • Restriksyon kwasans entra-iterin (Intrauterine growth restriction, IUGR)

  • Akouchman anvan lè

  • Plasennta a dekole

  • Bebe a mouri

Sentom yo

Yonn nan sentom ou jwenn souvan nan pre-eklapsi se tansyon wo. Ka gen lòt sentom tankou:

  • Ou pran pwa rapid

  • Gen pwoteyin nan pipi w

  • Tèt fè mal

  • Vant ou ap fè w mal sou bò dwat

  • Pwoblèm pou w wè tankou eklè oswa tach nan vizyon

  • Vizaj ou oswa men ou anfle (edèm) (sa rive souvan nan fen gwosès nòmal yo)

Tès yo ka ba w fè

Founisè swen sante w la ap bezwen verifye tansyon w. Sa dwe fèt souvan pandan gwosès la. Si tansyon ou wo, yo ka ba w fè tès sa yo:

  • Tès pipi pou gade sil pa gen pwoteyin

  • Ekzamen san pou konfime pre-eklanpsi a

  • Siveyans bebe a pou asire ke bebe ou a an sante

Trete pre-eklanpsi a

Pre-eklanpsi a toujou fini yon ti tan aprè ou fin akouche. An atandan, founisè swen sante w la ap ede w jere l.

Si sentòm ou yo pa grav, ou ka bezwen:

  • Limite aktivite ou

  • Rete kouche

  • Pa leve bagay ki lou

Si sentòm ou yo grav, w ap etène. Tretman yo ka gen ladan l:

  • Limite aktivite ou. Se pou ede kontwole tansyon ou. Ou pa dwe leve okenn bagay lou. W ap bezwen pase anviwon 8è pa jou kouche ak pye w anlè.

  • Manyezòm gout pa gout pa IV (entravenez). Sa fèt pandan tranche a. Se pou evite kriz

  • Tranche pwovoke oswa sezaryèn. Pre-eklanpsi a souvan disparèt aprè w fin akouche bebe a.

Lè pou w rele founisè swen sante w la

Rele founisè swen sante ou a si sentom ou yo vini rapid oswa si yo grav. Sa gen ladan enflamasyon, pran pwa, ak lòt sentom yo. Gen kèk ka pre-eklanpsi ki pi grav ke lòt. Sentom ou yo ka chanje oswa yo ka vin pi mal toutotan dat akouchman an prèske rive.

Depi ou fin akouche

Nan pifò ka yo, pre-eklanpsi an disparèt poukont li aprè ou fin akouche. Sa rive souvan 12èm semèn aprè ou fin akouche a. Nan jou aprè ou fin akouche a, tansyon w, anflamasyon yo ak lòt sentom yo dwe amelyore. Men pou kèk moun, pwoblèm pre-eklanpsi yo ka kontinye aprè akouchman an.

Pre-eklanpsi aprè akouchman

Nou pa jwenn souvan pre-eklanpsi ki parèt aprè akouchman. Gen 2 tip:

  • Pre-eklanpsi aprè akouchman. Li ka parèt 48 è aprè ou fin akouche.

  • Pre-eklanpsi tadiv. Li parèt aprè plis pase 48 è aprè akouchman an.

Yo pa souvan jwenn toulède. Men rele founisè swen sante ou a imedyatman si ou gen sentom pre-eklanpsi aprè ou fin akouche.

Kilè pwoblèm lavi afekte sante w

Anpil bagay nan lavi kotidyen w gen enpak sou sante w. Tankou transpò, pwoblèm lajan, lojman, aksè pou w jwenn manje, ak pran swen timoun. Si ou pa kapab ale nan randevou medikal ou yo, ou ka pa resevwa swen ou bezwen an. Lè pa gen ase lajan, li ka difisil pou w peye medikaman. Epi rete lwen yon makèt ka fè li difisil pou w achte manje ki sen.

Si ou gen enkyetid pou youn nan domèn sa yo oswa nan lòt, pale sa a ak ekip k ap ba w swen an. Yo ka konnen resous lokal ki ka ede w. Oswa yo ka gen yon manm nan pèsonèl la ki ka ede w.

Online Medical Reviewer: Heather M Trevino BSN RNC
Online Medical Reviewer: Rajadurai Samnishanth
Online Medical Reviewer: Tennille Dozier RN BSN RDMS
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer