Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Anemi

Anemi se yon maladi ki rive lè kò ou pa gen ase globil wouj ki an sante (red blood cells, RBCs). RBCs yo se pati nan san ou ki pote oksijèn nan tout kò ou. Gen yon pwoteyin ki rele emoglobin ki pèmèt RBCs yo absòbe ak lage oksijèn nan. Si ou pa gen ase RBCs oubyen emoglobin, kò ou pa p gen ase oksijèn. Sentom anemi ka rive.

Yon seksyon veso sangen an ak kantite globil wouj nòmal yo. Anba a gen yon lòt seksyon transvèsal veso sangen an ki moutre twò piti globil wouj akoz anemi.

Ki sentom anemi?

Gen kèk moun ki anemi ki pa gen sentom. Men pi fò moun yo gen sentom ki soti nan sa ki lejè pou ale nan sa ki pi grav. Selon koz ak gravite anemi an, sentom yo ka parèt yon fason ki lan oswa byen rapid. Tankou:

  • Gwo fatig

  • Feblès

  • Koulè po ki pal

  • Souf kout

  • Tèt vire oubyen endispozisyon

  • Batman kè rapid oswa iregilye

  • Pwoblèm pou ou fè yon kantite aktivite ki nòmal

  • Zye ou, po ou oubyen bouch ou jòn epi ou pipi fonse (jonis)

  • Tèt fè mal

  • Men ak pye frèt

  • Doulè nan pwatrin

  • Zòrèy k ap kònen oubyen k ap sifle

Kisa ki lakoz anemi?

Anemi rive lè kò ou:

  • Pèdi twòp san

  • Pa pwodui ase RBCs

  • Detwi RBCs ou yo ak pi plis rapidite pase li ta ka ranplase yo

  • Pa pwodui kantite nòmal emoglobin nan RBCs ou yo

Pwoblèm sa yo ka rive pou plizyè rezon, tankou:

  • Yon maladi ou fèt avè l (konjenital oubyen ereditè). Tankou anemi falsifòm oswa talasemi.

  • Senyen anpil pou nenpòt rezon. Tankou nan blese, nan operasyon, nan akouchman menm nan anpil san ou konn bay lè w gen règ ou.

  • Ou gen yon karans nan kèk nitriman. Tankou nan fè, asid folik oubyen vitamin B-12.

  • Kèk maladi alontèm (kwonik). Tankou maladi fwa, dyabèt, poliyatrit rimatoyid oswa maladi ren.

  • Kèk enfeksyon kwonik. Tankou tibèkiloz oswa VIH.

  • Kansè.

  • Ekspozisyon ak kèk medikaman. Tankou medikaman chimyoterapi yo.

Gen diferan tip anemi. Founisè swen sante ou a ka pale ou plis sou tip anemi ou genyen an ak kisa ki lakoz li.

Kijan yo dyagnostike anemi?

Pou li dyagnostike anemi an, founisè swen sante w la ap fè w fè tès san. Tankou:

  • Konte tout selil sangen yo (CBC). Tès sa a mezire kantite diferan tip selil sangen yo.

  • Fwoti sangen. Tès sa verifye gwosè ak fòm selil sangen ou yo. Pou yo fè tès sa, y ap pran yon mikwoskòp pou yo egzamine yon ti gout san w. Yo itilize yon koloran pou yo ka wè selil san yo pi fasil.

  • Etidye fè yo. Tès sa yo mezire kantite fè ki nan san ou. Kò ou bezwen fè pou li fabrike emoglobin nan RBC ou yo.

  • Etidye Vitamin B-12 ak asid folik yo. Tès sa yo chache kèk konpoze ki ap ede bay RBCs ou yo yon tay ak yon fòm nòmal.

  • Konte retikilosit. Tès sa mezire kantite nouvo RBC ki jèn (pa ko matrite) mwèl zo ou yo fè.

  • Elektwoforèz emoglobin. Tès sa chache pwoblèm ki gen ak emoglobin ou nan RBCs yo.

  • Nivo laktat dezidwojenaz (LDH) ak aptoglobin yo. Tès sa yo verifye kantite sibstans ki nan san ou ki rele LDH ak aptoglobin. Ni nivo LDH la ni nivo aptoglobin nan ka pa nòmal si w gen yon anemi k ap detui selil wouj nan san an (anemi emolitik).

  • Aspirasyon ak biyopsi mwèl zo. Yo fè tès sa yo anmenmtan epi tès sa yo evalye mwèl zo a kote RBC yo fèt la.

Kijan yo trete anemi?

Tretman pou anemi chita sou tip anemi an, koz li ak gravite sentom ou yo. Tretman yo ka:

  • Chanjman rejim alimantè. Sa gen ladan l ogmante nan kantite kèk nitriman nan rejim alimantè ou a, tankou fè, vitamin B-12 oubyen asid folik. Founisè swen sante ou a ka preskri w sipleman nitritif tou.

  • Medikaman. Gen kèk medikaman ki ka trete koz anemi ou an. Lòt yo ede kreye nouvo RBCs oubyen yo amelyore sentom yo. Si se yon medikaman ki lakoz anemi w lan, ou ka bezwen kanpe sou li oubyen chanje l.

  • Transfizyon san. Ranplase kèk nan san ou yo ka ogmante kantite RBC ki an sante nan kò ou.

  • Operasyon. Nan kèk ka, founisè swen sante ou a ka opere w pou l trete vrè koz anemi an. Si w dwe opere, founisè swen sante ou a ap esplike w pwosedi a epi l ap prezante w risk ak avantaj yo.

Ki preyokipasyon ki genyen alontèm?

Gen kèk tip anemi ou genyen, ou ka atann ou ak yon rekiperasyon total aprè tretman an. Gen kèk lòt tip anemi (espesyalman yon tip ou te fèt avè l), w ap gen pou w jere l pandan tout lavi w. Founisè swen sante w la ka di ou plis.

Online Medical Reviewer: Marianne Fraser MSN RN
Online Medical Reviewer: Rita Sather RN
Online Medical Reviewer: Susan K. Dempsey-Walls RN
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer