A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Souf Kout (Disne)

Souf kout se sansasyon ke w pa ka reprann souf ou oswa jwenn ase lè. Li rele tou disne.

Disne kapab akòz anpil pwoblèm diferan. Yo gen ladan:

  • Kriz opresyon egi.

  • Agravasyon maladi poumon kwonik tèlke bwonchit kwonik ak anfizèm (COPD).

  • Ensifizans kadyak. Se lè misk kè fèb lakòz likid siplemantè kolekte nan poumon yo.

  • Atak panik oswa enkyetid. Laperèz ka lakòz respirasyon rapid (ipèvantilasyon).

  • Nemoni, oswa yon enfeksyon nan tisi poumon yo.

  • Ekspozisyon ak sibstans toksik, vapè, lafimen, oswa sèten medikaman.

  • Kayo san nan poumon (anboli pilmonè). Se souvan apati yon moso kayo san nan yon gwo venn pwofon nan janm (twonboz venez pwofon) ki detache epi deplase al nan poumon yo.

  • Kriz kadyak oswa doulè nan pwatrin (anjin) anrapò avèk kè.

  • Anemi.

  • Poumon plati (nemotoraks).

  • Dezidratasyon.

  • Gwosès.

Baze sou vizit ou a jodi a, kòz egzak souf kout ou a enkoni. Tès ou yo pa montre okenn kòz grav disne. Ou ka bezwen lòt tès pou detèmine si w gen yon pwoblèm grav. Li enpòtan pou siveye nenpòt nouvo sentòm oswa sentòm ki vin pi mal. Fè swivi avèk pwofesyonèl swen sante w jan li endike.

Swen lakay

Swiv konsèy sa yo pou pran swen tèt ou lakay ou:

  • Lè sentòm ou yo amelyore, retounen nan aktivite nòmal ou yo.

  • Si w fimen, ou dwe sispann fimen. Antre nan yon pwogram pou kite fimen oswa mande founisè swen sante w èd.

  • Manje nouriti ki bon pou sante epi dòmi anpil.

  • Fè egzèsis regilyèman. Pale avèk founisè swen w anvan w kòmanse fè egzèsis, sitou si w gen lòt pwoblèm medikal.

  • Pale avèk founisè swen sou sou posiblite pou redui kantite kafeyin ak estimilan ou konsome.

Swen swivi

Fè swivi avèk founisè swen sante w oswa jan li konseye w.

Si yo fè tès, y ap di w si tretman w dwe chanje. Ou ka rele jan yo endike w la pou jwenn rezilta yo.

Si yo te fè yon radyografi, yo pral di w nenpòt nouvo rezilta ki ka afekte swen w yo.

Rele 911

Souf kout gendwa yon siy yon pwoblèm medikal grav. Pa egzanp, li ka yon pwoblèm nan kè w oswa poumon w. Rele 911 si w gen souf kout k ap vin pi mal oswa pwoblèm pou respire, sitou avèk nenpòt nan sentòm yo ki anba a:

  • Souf kout oswa respirasyon siflan

  • Konfizyon oswa difikilte pou reveye

  • Endispozisyon oswa pèt konesans

  • Batman kè rapid oswa iregilye

  • Krache touse san

  • Doulè etranj nan pwatrin, bra, zepòl, kou, oswa anwo nan do w

  • Transpirasyon inabityèl

  • Santi w faya

  • Po bouch oswa po sanble gen koulè ble, vyolèt, oswa gri

  • Santi vètij

Lè pou chèche konsèy medikal

Kontakte founisè swen sante w touswit si nenpòt nan sa yo rive:

  • Woujè, doulè, oswa anfleman nan janm, bra oswa lòt zòn nan kò w

  • Anfleman nan toude janm oswa cheviy

  • Ogmantasyon pwa rapid

  • Feblès

  • Lafyèv 100,4ºF (38ºC) oswa pi wo, oswa jan founisè swen w endike

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer