Vilvodini
Doulè nan vilv kay fanm rele vilvodini. Vilv la se zòn nan ògàn seksyèl eksteryè yon fanm. Li gen ladan gwo pli ak ti pli po oswa lèv (lèv yo), klitoris la, ak ouvèti kanal nesans lan (vajen) epi irèt la (kote pipi a soti). Kèk fanm santi doulè nan yon sèl kote byen presi. Gen lòt ki ka santi doulè nan diferan zòn oswa sou tout zòn nan.

Kisa ki lakòz vilvodini?
Yo pa konnen kòz egzak la pou vilvodini. Yon kantite faktè ka enplike. Sa yo ka gen ladan:
-
Nè nan zòn nan vin blese oswa irite pandan anpil tan.
-
Enfeksyon nan zòn nan lakòz sistèm iminitè w reyaji nan yon fason etranj.
-
Enfeksyon levi oswa enfeksyon bakteri k ap plede tounen.
-
Ou gen alèji ak sèten manje oswa bagay nan anviwònman an.
-
Nivo òmòn yo twò wo oswa twò ba.
-
Misk yo nan planche basen an fèb.
Kèlkeswa kòz la, vilvodini ka boulvèsan epi afekte tout aspè nan lavi w. Sa gen ladan ni sante fizik ni sante emosyonèl ou.
Kisa sentòm vilvodini ye?
Pi gwo sentòm lan se doulè nan vilv ki prezan pandan omwen 3 mwa. Doulè sa a kapab varye soti nan lejè rive nan grav. Li kapab nan yon zòn byen presi oswa afekte tout zòn nan. Doulè a ka boule, pike, grate, oswa lanse. Zòn nan ka fè mal oswa santi l anfle oswa gen doulè.
Doulè a ka rive toudenkou oswa li ka derape (deklanche) ak yon aktivite oswa kontak avèk vilv la. Kèk deklanchè kouran gen ladan fè sèks, mete tanpon, chita pandan anpil tan, oswa mete pantalon sere.
Doulè a ka rive toutan an oswa li ka ale vini. Li ka dire pandan jou men apresa li disparèt toudenkou. Li ka rive touswit oswa kèk tan pita apre yon deklanchè.
Kijan yo trete vilvodini?
Souvan, premye etap la nan tretman pwoblèm sa a se soulaje sentòm yo avèk mezi ijyèn. Lòt tretman yo ka gen ladan:
-
Medikaman pou mete sou zòn nan (topik), pou pran nan bouch (oral), oswa enjekte.
-
Relaksasyon ak jesyon estrès pou soulaje doulè kwonik epi soutni sante emosyonèl.
-
Blòk nève yo.
-
Jesyon doulè, tèlke terapi pwen deklanchè ak estimilasyon nè transelekrik.
-
Egzèsis pou rann misk planche basen yo pi fò.
-
Konsèy pou ede fè fas ak doulè kwonik ak pou sipò pou efè pwoblèm sa a sou sante seksyèl.
-
Terapi konplemantè ak altènatif, tèlke relaksasyon, masaj, ak akiponkti.
-
Operasyon (raman).
Konsèy ijyèn pou vilvodini
Men kèk konsèy itil pou ede redui doulè a nan vulvodini:
-
Mete pantalon laj ak jip epi kilòt blan an koton antyèman. Pa mete kilòt lè w ap dòmi.
-
Lave kilòt yo nan detèjan dou san pafen. Pa itilize ramolisan twal.
-
Pa itilize pwodui ijyèn fanm, beny mousan, douch nan vajen, ni savon oswa krèm ki gen pafen.
-
Lave zòn vilv ou avèk dlo fre oswa tyèd sèlman. Netwaye zòn nan avèk dlo epi tanponnen pou seche l apre w fin pipi.
-
Itilize konprès fre nan zòn lan oswa beny syèj fre oswa tyèd pou diminye demanjezon, iritasyon, oswa boule.
-
Itilize yon librifyan abaz dlo lè w ap fè sèks.
-
Pa chita nan basen cho ni naje nan pisin ki gen anpil klò.
Remak:
Nou konprann jennda se yon espèk. Nou ka itilize tèm jennda yo pou pale sou anatomi ak risk sante. Tanpri itilize enfòmasyon sa yo nan yon fason ki pi bon pou ou ak founisè swen sante w pandan n ap pale sou swen w yo.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.