A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Tretman Twoub Konsomasyon Sibstans ak Adiksyon

Tretman pou yon twoub konsomasyon sibstans (SUD, pou sig li ann Anglè), oswa adiksyon dwòg, varye selon bezwen w yo. Kèk moun swiv tretman yon fwa sèlman. Gen lòt ki retounen nan li detanzantan pandan tout vi yo.

Yon gwoup sipò pou granmoun, chita nan yon chanm ap pale.

Rekiperasyon an se yon pwosesis ki dire tout lavi

Rekiperasyon an kòmanse lè w jwenn èd pou twoub konsomasyon sibstans ou. Apresa, ou pral kòmanse tou dousman bati yon nouvo lavi ak mòdvi. Sa gendwa pa fasil. Men, avèk sipò lòt moun, ou ka reyisi. Pandan rekiperasyon, ou pral travèse twa etap. Kantite tan chak etap dire varye pou chak moun.

Rekiperasyon bonè

Pandan etap sa a, ou pral konsantre sou sispann abi dwòg oswa adiksyon. Trè pwobableman, ou pral jwenn èd nan men yon terapis, konseye pou adiksyon, oswa founisè swen sante. Ou ka ale tou regilyèman nan gwoup youn soutni lòt. Ou pral evite moun oswa kote ki ta ka tante w pran dwòg.

Rekiperasyon entèmedyè

Pandan peryòd sa a, ou pral travay sou chanje lavi w. Ou ka chanje valè w, bwote, oswa tounen lekòl. Ou ta ka kòmanse nouvo relasyon ki an sante. Epi ou ta ka mete fen sa ki pa vrèman an sante. Ou ka menm eseye ratrape mal ou te lakòz lòt moun pandan w ap pran dwòg. Ou pral kontinye ak chanjman nan mòdvi ak estrateji ki soutni w pou rete tèt klè ou epi jwenn aksè nan founisè swen sante oswa konseye adiksyon lè w enkyete pou w pa chite.

Rekiperasyon ta

Etap sa a pral dire tout rès lavi w. Ou santi w pi fò ak pi an sante. Kounye a, ou ka chèche bay lavi w pi gwo yon sans. Ou ka konsantre sou bagay ki pi enpòtan pou ou. Sa yo ka gen ladan fanmi w, kwayans ou, oswa bay lòt moun yon koutmen. Ou pral kontinye itilize chanjman nan mòdvi ak estrateji ki soutni w pou rete tèt klè ou epi jwenn èd nan men founisè swen sante oswa konseye adiksyon lè w enkyete pou w pa chite.

Tip tretman pou dwòg

  • Tretman rezidansyèl. W ap viv nan yon anviwònman san dwòg avèk lòt moun ki gen menm pwoblèm lan. Souvan, sejou w nan tretman rezidansyèl kominotè a dire apeprè yon mwa, men li ka dire jiska 6 mwa. Pandan peryòd sa a, ou wè yon terapis oswa konseye pou adiksyon.

  • Terapi pou pasyan ekstèn. Ou wè yon terapis oswa yon konseye pou adiksyon pandan w ap mennen yon vi nòmal. Ou ka wè terapis ou poukont ou. Oswa ou ka fè pati yon gwoup. Nan kèk ka, fanmi w ka wè terapis ou a tou.

  • Gwoup youn soutni lòt. Sa yo ofri w sipò ak ankourajman. Genyen tou gwoup sipò pou moun pwòch moun ki dejwe nan dwòg.

  • Medikaman. Tretman w ka gen ladan sèten medikaman, tèlke methadone, disulfiram, buprenorphine, acamprosate, oswa naltrexone.

  • Lòt chwa tretman yo. Sa yo ka gen ladan akiponkti, ipnoz, oswa byofidbak. Mande founisè swen sante ou enfòmasyon sou yo.

Pou jwenn èd pou twouve yon pwogram tretman nan zòn ou an, ale nan lokalizatè tretman Administrasyon pou Abi Sibstans ak Sèvis Sante Mantal (SAMHSA, pou sig li ann Anglè) nan www.findtreatment.samhsa.org.

Lè moman yo vin difisil

Yon twoub konsomasyon sibstans se yon maladi kwonik, tankou tansyon wo oswa dyabèt. Li pa janm vrèman geri. Se yon pwosesis rekiperasyon ki dire tout lavi. Pafwa, kèlkeswa jan w ap byen konpòte, ou ka gen tantasyon pou konsome ankò oswa menm chite epi retounen nan pran dwòg. Men sonje nouvo tretman yo ka ede evite rechit yo. Li trè enpòtan pou swiv plan tretman medikal ou pou evite rechit yo. Si yon rechit rive, se pa yon siy pou w bay legen. Se yon siy pou w reprann, modifye, oswa kòmanse yon nouvo tretman.

Si w vin enkyete ou ka chite, ou kapab:

  • Rele esponnsò w. Se yon moun nan gwoup youn soutni lòt ou a ki veye sou ou.

  • Pale avèk terapis ou, founisè swen sante w, oswa yon lòt moun ou fè konfyans.

  • Fè yon lis ki kantite bagay ou te akonpli.

  • Jwenn yon bagay pou distrè w. Ale nan sinema, ale fè yon ti mache, oswa rele yon zanmi.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer