A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Divètikilit

Kèk moun pandan y ap vyeyi gen pòch ki anfonse nan miray kolon an. Pòch sa yo rele divètikil. Souvan yo pa lakòz okenn sentòm. Si pòch yo vin bloke, yo ka vin anflame ak enfekte. Yo rele sa divètikilit. Sa lakòz doulè anbativant ou (abdomèn) ak lafyèv. Sa ka lakòz tou kèplen, vomisman, dyare, oswa konstipasyon. Si yo pa trete, sa ka vin yon pwoblèm sante grav. Li ka lakòz yon absè fòme toutotou pòch la. Absè a ka bloke aparèy entesten an. Pòch la ka menm chire oswa pete. Sa ka gaye enfeksyon nan tout vant lan. W ap bezwen tretman medikal dijans si sa rive.

Koup transvèsal yon entesten k ap montre yon pòch divètikil nan pawa entestinal la.

Pafwa, divètikilit gendwa pa bezwen antibyotik. Men, yo itilize antibyotik leplisouvan. Lè tretman an kòmanse bonè, antibyotik nan bouch poukont yo ka sifi pou geri divètikilit. Yo eseye metòd sa a anpremye. Men, si ou pa amelyore oswa si eta w vin pi mal pandan w ap pran antibyotik, ou ka bezwen entène nan lopital. Nan lopital la, w ap resevwa antibyotik ak likid nan yon liy IV (nan venn). Ou gendwa oblije repoze entesten w tou. Sa vle di ou p ap manje ni bwè pandan yon peryòd tan. Ka grav yo ka bezwen operasyon.

Swen lakay

Machaswiv sa yo pral ede w pran swen tèt ou lakay ou:

  • Pandan maladi egi a, repoze epi swiv machaswiv founisè swen sante w lan sou rejim alimantè. Pafwa ou pral gen pou w sou yon rejim likid klè pou repoze entesten w. On fwa sentòm ou yo amelyore, yo ka di w pou w manje yon rejim tikras fib pandan kèk tan. Ou ka manje nouriti tèlke:

    • Sereyal flake

    • Pòmdetè kraze

    • Pannkek ak wafòl

    • Pasta

    • Pen blan

    • Diri

    • Pire pòm

    • Fig

    • Ze

    • Pwason

    • Volay

    • Tofou

    • Legim kuit mou

  • Pran antibyotik yo egzakteman jan yo di a. Pa rate okenn dòz ni sispann pran medikaman an, menm si w santi w fè mye.

  • Swiv tanperati w. Enfòme founisè swen sante w si w gen yon tanperati k ap monte.

Evite fiti atak yo

On fwa ou gen yon epizòd divètikilit, ou gen risk pou w genyen l ankò. Men, ou ka kapab bese risk ou si w manje yon rejim ki gen anpil fib (20 g/jou jiska 35 g/fib pa jou). Sa netwaye pòch nan kolon ki deja egziste yo. Li ka anpeche nouvo pòch fòme tou. Manje ki gen anpil fib gen ladan:

  • Fwi fre ak po ki manjab

  • Legim kri oswa lejèman kwit

  • Sereyal ak pen grenn antye

  • Pwa sèch ak peti pwa

  • Bran

Men lòt dispozisyon ou kapab pran pou ede evite fiti atak yo:

  • Pran medikaman w, tèlke antibyotik, jan founisè swen sante w endike.

  • Bwè 6 a 8 vè dlo chak jou, sof si yo di w otreman.

  • Sèvi ak yon kousen chofan oswa boutèy dlo cho pou soulaje kranp oswa doulè nan vant.

  • Kòmanse yon pwogram egzèsis. Mande founisè swen sante w kijan pou w kòmanse. Ou kapab benefisye nan aktivite senp tankou mache oswa jadinaj.

  • Trete dyare avèk yon rejim fad. Kòmanse avèk likid sèlman. Apresa ajoute fib tou dousman ofiramezi.

  • Siveye chanjman nan poupou w (konstipasyon ak dyare). Pou evite konstipasyon manje yon rejim alimantè ki gen anpil fib, anpil likid, epi pran yon medikaman pou ramoli poupou si sa nesesè.

  • Pran anpil repo epi dòmi anpil.

  • Pa pran NSAID yo (medikaman anti-enflamatwa) sof si founisè swen sante w di w pran yo. Yo ka ogmante risk ou pou divètikilit.

Swen swivi

Konsilte founisè swen sante w jan li konseye w oswa pi bonè si w pa amelyore nan 2 pwochen jou yo. Founisè swen w ka konseye yon kolonoskopi pou egzamine kolon an on fwa li geri.

Kilè pou w rele founisè swen sante w

Rele founisè swen sante w touswit si nenpòt nan bagay sa yo rive:

  • Lafyèv 100,4°F (38°C) oswa pi wo, oswa jan founisè swen sante w endike

  • Vomisman repete oswa anfleman nan vant

  • Feblès, vètij, toudisman

  • Doulè nan vant ou ki vin pi mal, ki grav, oswa ki gaye nan do w

  • Doulè ki deplase sou bò dwat anbativant

  • Senyen nan rektòm. Sa vle di poupou ki gen koulè wouj, nwa oswa mawon.

  • Senyen nan vajen sanzatann oswa ekoulman pij

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer