A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Rejim ki Gen Anpil Fib

Yo jwenn fib nan manje plant yo, tankou fwi, legim, legim, nwa, grenn, ak sereyal. Fib pase nan kò ou san dijere. Yon rejim ki gen anpil fib ede manje deplase nan aparèy entestinal ou. Kantite anplis la ka ede anpeche konstipasyon. Pou moun ki gen ti pòch nan kolon yo (divètikiloz), fib la ede netwaye pòch yo sou pawa kolon an. Li anpeche lòt pòch vin fòme. Rejim ki gen anpil fib redwi risk pou w fè kansè kolon. Li bese tou kantite kolestewòl nan san an epi li anpeche nivo sik la monte nan san an pou moun ki gen dyabèt.

yon imaj ki ap montre manje ki gen anpil fib tankou fwi yo, vejetab yo, legim yo, nwa yo, ak grenn yo.

Mete manjeki gen anpil fib ki nan lis anba a kòm yon pati nan rejim ou. Si w pat abitye manje manje ki gen anpil fib, kòmanse ak 1 oswa 2 manje ki nan lis sa. Chak 3 a 4 jou ajoute yon nouvo manje nan rejim ou. Fè sa jiskaske ou manje 4 manje ki gen anpil fib chak jou. Sa ta dwe ba ou 20 a 35 gram fib pa jou. Ou ta dwe bwè anpil dlo lè ou sou rejim sa pou anpeche konstipasyon. Vize pou pi piti 6 a 8 vè dlo pa jou. Dlo fè fib la gonfle epi li ogmante avantaj li.

Manje ki gen anpil fib

Manje sa yo gen anpil fib:

  • Pen. Pen ki fèt ak 100% farin ble antye oswa grenn antye; biskwit ki fèt ak ble oswa sèg (rye); tòtiya ki fèt ak grenn antye oswa Mayi ponmkèt ki fèt ak son

  • Sereyal. Sereyal ki fèt ak grenn antye ak son (pay ble, kònflèks ki fèt ak ble, son rezen sèk, son mayi); farin avwàn, ak granola

  • Grenn antye yo. Avwàn, diri mawon, kinoa, lòj, sorgo, epèt, sèg (rye), farro, pòpkòn, ak farin ble, mayi ak farin graham

  • Fwi. Fwi ki fre epi yo ka manje po yo (pwa, prin, rezen seche, bè, pòm ak abriko); fig bannann, fwi ki gen asid sitrik, mango, anana; ak ji prin

  • Nwa ak grenn. Nenpòt nwa ak grenn, tankou nwa, pistach pekan, pistachios, zanmann, ak grenn chya, grenn len ak grenn joumou

  • Legim yo. Sa gen ladan l tout legim yo. Yo pi byen sèvi kri oswa lejèman kwit. Sa ki pi rich nan fib yo gen ladan l pwa vèt, seleri, obèjin, pòmdetè, epina, bwokoli, chou Briksèl, kouj ivè, kawòt yo, chouflè, soja, lantiy, ak tout kalite ariko ki fre epi ki sèch.

Si w gen yon divètikiloz

Pa gen okenn manje espesifik pou evite si ou gen divètikiloz. Men chak moun diferan. Ka gen kèk manje ki fè sentòm ou yo vin pi mal. Siveye epi pa manje manje ki fè w santi w vin pi mal.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer