A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Kolestewòl Wo (Ipèkolestewolemi)

Kolestewòl se yon sibstans ki tankou lasi. Kò w bezwen l pou l rete an sante. Men, twòp nan li ka lakòz pwoblèm. Li sikile nan san w atravè veso sangen yo. Si w gen yon anpil kolestewòl nan san w, li ka akimile toutolon miray yo veso sangen yo. Sa fè veso yo pi etwat. Sa diminye sikilasyon san an. Lè sa ou nan pi gwo risk pou yon kriz kadyak oswa yon estwok.

Kò w bezwen kolestewòl pou konstwi nouvo selil ak pou fabrike sèten òmòn. Genyen 2 kalite prensipal kolestewòl nan kò w:

  • HDL (lipopwoteyin gwo dansite). Yo rele l "bon kolestewòl." Li anpeche depo gra (plak) yo akimile nan atè w yo. Nan fason sa, li pwoteje ou kont maladi kè e kont estwok.

  • LDL (lipopwoteyin dansite fèb). Yo rele l "move kolestewòl." Li rete nan kò w epi li kole sou miray atè yo. Li gendwa bloke pita sikilasyon san nan kè w ak nan sèvo w. Sa kapab lakòz yon kriz kadyak (enfaktis myokad egi) oswa yon estwok.

Kò w fabrike tout kolestewòl li bezwen. Men, ou jwenn kolestewòl tou nan anpil nouriti ou manje yo. Ou dwe limite kantite kolestewòl ou konsome nan rejim ou. Men, ou dwe limite tou kantite grès ou manje. Kolestewòl ak grès alimantè yo pa menm bagay la. Men, grès nan rejim alimantè w afekte nivo kolestewòl ou. Kò w fabrike kolestewòl apati grès ou manje a. Tip grès ou manje a gen plis enpak sou kantite kolestewòl kò w fabrike. Kolestewòl sa a kreye pi gwo risk pou maladi.

Grès yo vini nan 2 kalite:

  • Bon grès yo. Sa yo se grès ensatire yo. Gen monoensatire ak grès poliensatire. Yo ogmante nivo bon kolestewòl la. Yo bese nivo a move kolestewòl la. Bon grès yo prezan nan lwil vejetal yo. Sa gen ladan lwil oliv, lwil sunflower, mayi, ak soya. Bon grès yo prezan tou nan nwa ak grenn yo.

  • Move grès yo. Sa yo se grès satire ak grès trans. Sa yo ogmante risk pou maladi. Yo bese bon kolestewòl la. Yo ogmante nivo move kolestewòl la. Move grès yo prezan nan tout vyann wouj ak pwodui abaz lèt antye. Kèk plant genyen tou anpil grès satire. Sa gen ladan plant kokoye ak palmis. Grès trans yo ogmante move kolestewòl la epi yo diminye bon kolestewòl la. Grès trans yo prezan nan baton magarin yo. Yo prezan nan anpil fasfoud ak pwodui boulanjri yo. Magarin mou yo vann nan po gen mwens grès trans.

Ou ka gen kolestewòl wo nan san w si w manje yon rejim ki gen anpil grès satire epi ou pa fè egzèsis anpil. Nan anpil ka, istwa fanmi w jwe yon wòl. Founisè swen sante w ka fè dyagnostik kolestewòl wo avèk èd tès san. Tretman an gen ladan yon rejim ak tikras grès satire, pèdi pwa, epi fè egzèsis.

Si efò sa yo pa bese kolestewòl ou, founisè swen w ka preskri medikaman. Ou dwe pran yo chak jou pou kenbe nivo kolestewòl ou ba. Lè w twò gwo tou, sa ogmante risk pou kolestewòl wo ak pou maladi kè. Si w pèdi menm yon ti kantite pwa, sa ka ede bese risk ou.

Kimoun ki ka bezwen medikaman abaz statin

Si w gen yon pi gwo risk pou kriz kadyak oswa estwok, ou ka bezwen medikaman abaz statin pou bese kolestewòl ou. Sa se anplisde swiv yon rejim alimantè ak mòdvi ki bon pou sante. Statin yo ka ede anpeche kriz kadyak oswa estwok. Pale avèk founisè swen sante w si nenpòt nan sa yo konsène w:

  • Ou te fè yon kriz kadyak

  • Ou te fè yon estwok oswa yon atak iskemik tranzitwa (Transient Ischemic Attack, TIA)

  • Ou soufri anjin stab oswa enstab

  • Ou soufri atewosklewoz, lè plak akimile nan atè yo

  • Ou soufri maladi vaskilè periferik (Peripheral Vascular Disease, PVD)

  • Ou te fè yon pwosedi pou retabli sikilasyon san nan yon atè ki bloke

  • Ou soufri dyabèt ak nivo kolestewòl LDL 70 mg/dL oswa pi wo

  • Ou gen yon pi gwo risk pou w vin gen maladi kè oswa estwok epi Nivo kolestewòl LDL ou nan 70 mg/dL oswa pi wo

  • Ou gen yon nivo kolestewòl LDL nan 190 mg/dL oswa pi wo

Swen lakay

Swiv machaswiv sa yo lè w ap pran swen tèt ou lakay ou:

  • Pale avèk founisè swen sante w sou posiblite pou kòmanse yon rejim kolestewòl fèb oswa yon pwogram pou pèdi pwa.

  • Manje mwens grès satire e mwens kolestewòl chak jou. Sa siyifi manje mwens vyann wouj ak pwodui abaz lèt grès antye. 

  • Manje nouriti ki gen grès ensatire. Sa gen ladan lwil vejetal, nwa, ak grenn. Manje plis fwi, legim, ak pwason. Manje grenn antye e lòt nouriti ki gen anpil fib.

  • Aprann li etikèt manje yo, dekwa pou w konnen kisa w ap manje.

  • Pale avèk yon DYETETISYEN anrejistre. Li ka aprann ou kijan pou w planifye repa yo epi chanje rejim ou. Ou ka mande founisè swen w lan yon referans.

  • Vize pou w fè omwen 150 minit aktivite fizik entansite modere chak semèn. Sa ka divize an sesyon 30 minit, 5 jou pa semèn. Chwazi aktivite ou renmen yo. Mache se yon bon chwa si w vle pèdi pwa. Si w soufri dyabèt, tansyon wo, oswa maladi kè, mande founisè swen w lan ki aktivite li konseye.

  • Si founisè swen w lan preskri w medikaman, pran yo jan li endike a.

  • Si w fimen, fè yon plan pou w kite fimen. Pale avèk founisè swen w lan. Li kapab ede w. Fimen bese nivo bon kolestewòl yo. Li ka ogmante domaj move kolestewòl la fè. Fimen se yon gwo faktè risk pou kriz kadyak, estwok, ak maladi atewosklewoz.

  • Limite kantite alkòl ou bwè.

  • Si w soufri dyabèt, pale ansanm avèk founisè swen ak yon dyetetisyen sou lòt chanjman nan manje ak nan mòdvi ou kapab fè. Ou pral gen pou w kontwole sik nan san w pou bese risk ou pou maladi kè ak estwok.

Swen swivi

Fè swivi avèk founisè swen sante w jan yo endike w. Sa pran omwen 3 mwa pou chanjman nan manje ak nan mòdvi parèt nan yon rezilta tès san pou kolestewòl. Fè tès san tout kantite fwa founisè swen w konseye. Mande kijan pou w prepare w pou tès san yo. Ou ka oblije pa manje anvan tès la.

Si w te fè yon radyografi, ECG (elektwokadyogram), oswa lòt tès, yon espesyalis ap egzamine yo. L ap di w si nenpòt rezilta chanje swen w yo.

Pale avèk founisè swen sante w sou istwa sante w ak sou istwa maladi kè oswa kolestewòl wo nan fanmi w. Pale avè li sou objektif tretman w. Planifye pou fè tès ak vizit swivi regilyèman. Ou ka bezwen plis pase 1 sèl medikaman pou atenn objektif ou yo po kolestewòl. Di founisè swen w lan si w gen efè segondè apati medikaman abaz statin yo.

Rele 911

Rele 911 si w gen nenpòt nan sa yo:

  • Doulè nan pwatrin, bra, zepòl, kou, oswa anwo nan do

  • Souf kout

  • Feblès oswa pèt sansasyon nan yon bra, janm, oswa nan 1 bò figi

  • Pwoblèm nan lapawòl oswa vizyon

  • Feblès, vètij oswa endispozisyon

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer